FRÈ DE SEVIS OTORIZASYON
Mwen otorize e bay dwa a patwon mwen, swa siksesè li a, oswa nenpòt ki patwon ke mwen ap travay pou li pou yo retire nan salè m, yon frè ki egal a montan kotizasyon ke manm Service Trades Council Union an e/oswa afilye l yo oblije peye Inyon sa a oswa reprezantan li selon dispozisyon nenpòt akò nan negosyasyon aktyèl oswa nan lavni. Otorizasyon sa a e afektasyon sa a volontèman fèt an konsiderasyon pou depans reprezansyon ak negosyasyon kolektif la, e sa pa depann de apatenans aktyèl oswa lavni mwen nan Service Trades Council Union an oswa a youn nan afilye l yo. Otorizasyon sa a ap rete an vigè jiskaske mwen revoke epi li dwe definitivman pou yon peryòd de tan de yon (1) ane soti nan dat jodia oswa jouk dat revokasyon an nan nenpòt ki akò nan negosyasyon kolektif ki aplikab. Kelkeswa sa ki rive pi bonè, e sof si mwen revoke otorizasyon sa a lè m voye yon avi ekri bay patwon mwen ak Inyon an pa plis pase (20) jou epi li dwe mwens pase (10) jou avan dat ekspirasyon an nan chak peryòd nan yon (1) ane, oswa nan chak akò negosyasyon kolektif ki aplikap ant patwon mwen ak Inyon an, kelkeswa sa ki rive pi bonè; otorizasyon sa a dwe renouvle de ane an ane.
Mwen, espesyalman, dakò ke otorizasyon sa a pral efikas daprè tèm ki endike yo endepandamman de sityasyon mwen kòm yon manm oswa ki pa yon manm, oswa de "baz finansye"moun ki peye. Otorizasyon sa a pa dwe entèprete kòm yon kontrepati pou adere a Inyon e/oswa pou lòt obligasyon finansye, tankou pèman a baz finansye yo an ranplasan adezyon an. Frè pou sèvis yo pa dediktib kòm kontribisyion charitab pou rezon taks Federal sou revni.